ÏNFO23 AP TOUNEN SOU DI PWEN KI TE MAKE ANE A SOU PLAN ENTÈNASYONAL
Aktyalite / Entènasyonal
Pa : Dan Cuschi BAPTISTE
Ane 2024 la rive nan bout li , de Ayiti lakay nou , pasan pa divès kwen nan mond lan , ann retounen sou divès evenman ki te make ane sila , prensipalman nn moyen noryan, ÏNFO23 tounen sou 10 pwen ki te make mond lan pou ane a .
![]() |
10 pi gwo evènman ki te make ane 2024 la |
• Prezidan Iranyen Ebrahim Raïssi te mouri nan yon aksidan elikoptè
Prezidan Iranyen an Ebrahim Raïssi ki sou pouvwa depi nan eleksyon 2021 yo , te jwenn lanmò li dimanch 19 mai pase a , nan yon aksidan elikotè ki tap mennen li Tabriz , aprèl te finn asiste yon inogirasyon ansanm ak omolog li , Azèbadjanè a , Ilham Aliev, nan fwontyè komen yo .
Pami moun ki te mouri nan aksidan sila a , te gen minis Iranyen zafè etranjè a , Hossein Amir Abdollahianh , ki te gen 60 lane . Antèman yo te fèt nan demen lendi 20 me a . Gid Siprèm Iranyen an , Ali Khamenei, te chaje vis prezidan , Mohammad Mokhber, poul te kenbe wòl laprezidans lan pou yon titan , avan eleksyon prezidansyèl ki te fikse pou 28 jen . Eskriten kote ke refòmis Massoud Pezeshkian , te ranpòte nan fen dezyèm tou yo , sou Iltrakonsèvatè Saïd Jalili.
• Claudia Sheinbaum te vinn premye fanm ki rive nan tèt laprezidans nan peyi Meksik
Nan peyi Meksik, ane 2024 la te on ane prezidansyèl. Dimanch 2 jen an , yon gwo evènman istorik te pase nan peyi ki gen ladann prè de 130 milyon abitan, yon fanm te vinn pran kontwòl li , Claudia Sheinbaum, 61 lane . Ansyèn Majistra vil Meksik lan ak Giec la , ki se ( gwoup ekspè intègouvènmantal sou evolisyon klima ) , te ofisyèlman envesti sou pouvwa premye oktòb la , 4 mwa aprè eleksyon li .
• Manifestasyon ak eleksyon nan Jòji
Fen lane 2023 te pito byen pou la Jòji , aprè ke yo te finn akòde yo estati pou yo te ka rantre nan UE nan , ebyen ane 2024 la pat fasil menm pou ansyen repiblik sovyetik sila a , li te make pa plizyè twoub politik .
Nan mwa me a , kapital peyi jòji a , Tbilisi te teyat gwo manifestasyon kont yon lwa ki te oblije ONG ki tap resevwa plis pase 20 pousan nan finansman yo a letranje pou yo ta anrejistre kòm ajan letranje . Lwa sa a te enspire li de yon mezi ris ki sanble tèt koupe pou toufe gwoup sosyete sivil kritik anvè Kremlin an .
Lari yo te an boulvès ankò aprè eleksyon lejislativ mwa oktòb yo , lè pati ki gen pouvwa te ranpòte 54 pousan vòt yo . Opozisyon an te rejte rezilta yo , li t akize gouvènman ye te fè koken nan eskriten yo .
Nouvo gouvènman te jete lwil sou dife , kote ke yo te anile demand adezyon an nan UE lan jiskan 2028 , manifestan ak polisye , te lage yo nan yon batay achane depi lè sa , yon kote manifestan yo tap voye fedatifis sou polisye yo , epi chef lòd yo yo menm , tap simaye kout baton.
Epi kelke semèn aprè ,samdi 14 desanm lan , ansyen foutbolè ak kandida pou pozisyon oksidantal yo , Mikheïl Kavelachvili genyen prezidansyèl yo .
• Premye minis Bangladesh la te demisyone e te tou kite peyi a
Lendi ki te 5 dawou a , premye minis Bangladesh, Sheik Hassina, ki tap dirije peyi a ak gwo ponyèt depi 15 lane , te demisyone e chape poul li pou peyi Lend aprè yon gwo soulèvman san parèy, e yon violence ke pèp Bangladesh pot ko viv depi endepandans peyi a nan lane 1971 . Pri Nobel pou lapè , Muhammad Yunus ki gen 84 lane , ke yo rele " Bankye pòv yo" , pran tèt peyi a pou asire intérim lan . Li te anonse lendi 16 desanm lan , ke eleksyon lejislativ yo pral ògsnize nan fen ane 2025 lan, ou nan kòmansman.
• Lame Ikrenyèn te antre nan rejyon ris Koursk
Nan ete 2024 la , pandan konfli larisi ak Ikrèn gentan ap vanse sou 2 zan li ak plizyè mwa , fòs lame Kiev la te lanse madi 6 dawou a , yon pèse sipriz nan rejyon ris Koursk la . Se pi gwo pèse yon lame etranjè nan teritwa ris la depi aprè dezyèm gè mondyal la , Moscow te etone de atak sa .
Lame Ikrenyèn te kouri anonse , ke yo te gentan mache sou 1000 km² nan rejyon an . Men nan mwa novanm lan , fòs lame Ikrenyèn yo te vinn arive pèdi plis pase40 pousan nan rejyon Koursk ke yo te pran pou ete a .
• Izrayèl - Hezbollah : Atak bipè yo ak kòmansman konfli nan Liban
Nan mwa septanm lan . Izrayèl ak Hezbollah libanè a te lage kò yo nan echanj frap transfrontalye depi 8 oktòb 2023 , nan demen aprè lamsman ofansiv kont Hamas yo pa lame Izrayèl la nan bann Gaza a . Hezbollah te di lap sipòte Hamas . Afrontman te chanje dimansyon nan jou ki te 17 ak 18 septanm yo , lè plizyè milye bipè ak talkie walkies te eksploze anmenm tan , nan katye Sid Beyrouth la ( fief Hezbollah) , ak nan lòt basyon mouvman chiite pro Iranyen an , ki te fè on dizènn mò ak plizyè milye blese nan ran Hezbollah a . Atak sila a te atribiye a Izrayèl. Epi nan mitan mwa novanm lan pòt pawòl gouvènman Izrayelyen an te konfime ke Benjamin Netanyahu te byen apwouve atak sa .
Epi nan mwens ke yon semènn , 23 septanm lan , sa libanè yo te pè depi plizyè mwa pral rive : Izrayèl ak Hezbollah pral rantre nan yon gè louvri , 18 lane aprè lagè mouvman chiite la ak leta Ebre a .
4 jou aprè , yon evènman ke Libanè yo wè ki te preske enposib pral rive , 27 septanm lan , jeneral Hassan Nasrallah, sekretè jeneral mouvman Hezbollah, pral mouri nan yon frap lame Izrayelyèn nan banlye sid Beyrouth. Siksesè presanti li , Hachem Saffiedine , te rive jwenn elimimasyon li kelke jou aprè , toujou pa lame Izrayèl la . Hezbollah te dezinye Naïm Qassem, nimewo 2 mouvman chiite la , kòm nouvo Sekrètè Jeneral li .
• Donald Trump te reparèt sou chèz boure lamezonblanch
Madi ki te 5 novanm lan , kandida Repibliken an e ansyen prezidan Donald Trump ranpòte eleksyon prezidansyèl amerikèn yo fas a kandidat Demokrat la vis prezidan Kamala Harris , koze ke li reyisi yon retou ke pyès moun pat wè mi tap vini . Donald Trump te vini aprè moman istorik sa , premye prezidan Ameriken ki reeli pou yon lòt manda non konsekitif depi Grover Cleveland - 22e ak 24e prezidan Ameriken nan fen 20yèm syèk la .
Li ap pran fonksyon ofisyèlman 20 janvier 2025 pou l siksede a Joe Biden, ki te bat li an 2020 .
• Kou penal entènasyonal voye manda bay Benjamin Netanyahu
Kou penal entènasyonal te voye , 21 novanm ki sot pase a la , yon manda pou yo arete premye minis Izrayelyen an Benjamin Netanyahu , ak tou ansyen minis defans li an , Yoav Gallant, pou krim de gè ak krim kont limanite nan bann Gaza nan kad lagè Izrayèl ap mennen kont Hamas depi 7 octobre 2023 . Yon manda darè te dèyè tou chef branch lame Hamas la , Mohammed Dief , ke Izrayèl te di li elimine .
Nan yon kominike ke biwo gouvènman Izrayelyen an te mete deyò ,chef gouvènman te kalifye desizyon sa kòm " Antisemis"
• Chit rejim Bachar el-Assad la
Dimanch ki te 8 desanm lan , aprè gwo ofansiv ki te dire onz jou , prensipalman nan Nò peyi Lasiri, yon kowalisyon gwoup rebèl Islamis ki ap dirije pa gwoup Hayat Tahrir al Cham ( HTC) ki se ansyen branch siryèn Al Qaëda , te arive pran kapital la , Damas , e anonse ranvèsman rejim Bachar el-Assad la . Yon epizòd ki mete on fen a plis ke 50 lane dominasyon diktati Assad la sou Lasiri , e rebat kat yo nan rejyon an . Bachar el-Assad te pran refij li nan Moscow aprè ke patizan Ris li yo ak Iranyen yo , te abandone li .
• Nan peyi Kore di Sid , prezidan Yoon Suk-yeol te tonbe
Nan lanwit soti 3 pou rive 4 desanm nan , prezidan Kore di Sid la Yoon Suk-yeol te pran tout moun pa sipriz kote li enpoze lwa masyal nan peyi a kote ke li te voye lame a nan palman pou al sere boulon palmantè yo .
Nan yon diskou li te prononse a travè televizyon , li te jistifye jès sa , kòm koi ke jès sila a ap "pwoteje peyi a kont fòs teworis Nò Koreyèn yo ."
Men sou presyon Asanble a , a manifestan yo , prezidan te fè bak sou desizyon sa a .
Enpozisyon lwa masyal yo , yon demach inedit depi plis pase 40 lane nan kore di Nò , te vo a prezidan Yoon yon premye mosyon pou yo ta metel atè, sa a te rejete . Yon lòt te depoze, sa a te finalman pase 14 desanm nan , pa 204 vwa ki kont , 85 kont , twa abstansyon ak uit bilten ki te envalid.
Kou konstitisyonèl la gen yon delè 180 jou pou valide destitisyon prezidan ou non,
Kou a te lanse ekzamen destitisyon an 16 desanm lan . Depi 27 desanm Minis finans , Choi Sang Mok se nouvo prezidan pa enterim peyi a .
Commentaires
Enregistrer un commentaire