FOOT - NASYONAL : SELEKSYON AYISYÈN FOUTBÒL LA AP TWOKE KÒNN LI A AZERBAÏJAN SAMDI 21 MAS
Espò
Pa : Dan Cuschi BAPTISTE
Grenadye yo , kite rete envenki ane ki sot pase a , ap jwe premye macth yo pou ane a nan kont Azerbaïjan, an amikal , samdi 21 mas la , nan stad Olenmpik Bakou. Macth sa ap selebre 100 lane depi ke Seleksyon an te jwe premye macth li nan listwa l kont Jamayik nan Pak Cincinatus Leconte , 22 mas 1925
Depi lendi staf seleksyon Ayisyèn rive Azerbaïjan, yo te fè on premye antrenman madi 18 mas la avèk 16 premye arive yo , yon dezyèm seyans kite dewoule mèkredi 19 , avèk prezans 20 jwè , epi denyè seyans te reyalize jedi avèk tout prezans 21 jwè yo aprè konferans pou laprès antrenè Grenadye , Sébastien Migné .
Macth amikal ap trè enpòtan pou bikolò nasyonal la , li rantre nan preparasyon seleksyon an pou pwochen konpetisyon kap vini nan mwa jen yo , tankou eliminatwa mondyal 2026 , kote ke nap afwonte Aruba ak Curaçao, 7 ak 10 jen , ak Gold Cup kap kòmanse 16 jen 2025 .
Commentaires
Enregistrer un commentaire