CHANPYONA NASYONAL PREMYE DIVIZYON : PLAYOFFS YO KÒMANSE DEPI JEDI 22 ME

Espò - Foutbòl 

Pa : Dan Cuschi BAPTISTE 



Faz playoffs chanpyona nasyonal premye divizyon an tammen jedi 22 me , avèk rankont prensipalman nan gwoup 2 a , ki nan Sid peyi a .





Nan land Gabions yo , Juventus bat Violette (1-0) , gras a reyalizasyon Dumy Fédé nan 73e minit .

Nan lòt macth jounen an ki tap jwe nan Pak mister Henry , Don Bosco ak America te antann yo (1-1) . Jean Wisner Dorival te louvri eskò a pou Petyonvilwa yo nan 35e minit , men Mike Mednard te egalize pou Cayen yo nan 5e minit. 

Nan gwoup 1 an , ki baze nan Nò , macth ki ye pwograme yo pat arive fèt yo te oblije ranvwaye pou vandredi , malgre sa yo pat arive jwe . AS Capoise te gen randevou ak Tempête epi FICA te gen poul jwe ak Baltimore.  Si AS Capoise ak FICA te prezante yo , Tempête ak Baltimore te briye pa absans yo , kounya li rete pou FHF la tranche sou sa . 

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

HAYTI : SUNRISE AIRWAYS A REPRIS SES VOLS !

Haïti/Transport aérien : AmericanAirlines fixe la date de la reprise des vols sur Haïti !

AMANDINE HENRY A ANNONCÉ SA RETRAITE INTERNATIONALE À 35 ANS .