LAPOLIS KANPEREN ARETE ATIS DANCEHALL T-BIG
Aktyalite - Nasyonal
Pa : Dan Cuschi BAPTISTE
Nan sid Ayiti, presizeman nan lokalite Kanperen, lapolis ta va arete atis dancehall, reggae ak rap ke piblik la konnen sou non T-Big, non veritab li se Jacques Windy.
Dapre enfòmasyon ki rive jwenn nou, atis la te nan zòn nan depi 6 mwa. Li te prezante tèt li nan komisarya pou fè otorite yo rekonèt prezans li, men lapolis ta sèvi ak okazyon sa pou arete l, sou pretèks li te mawon.
Selon frè mizik li, Blayz Matiq, pretèks arestasyon an ta senpman paske T-Big gen cheve long ak tatoo, epi lapolis ta otomatikman atribiye l ak yon bandi k ap chache refij nan lokalite a. Blaizmatiq lanse yon apèl sou paj Facebook li pou mande liberasyon chantè a.
Gwoup Dancehall Family, ke T-Big fè pati ladan l, kondane sa yo rele yon zak abitrè, epi mande liberasyon atis yo estime inosan an. Plizyè lòt atis tou, tankou Dug G, Bobby Last One ak sa fanatik yo konn rele “Kendrick Lamar ayisyen an”, pran lapawòl pou mande liberasyon T-Big.
Se pa premye fwa lapolis ap arete moun sèlman sou baz aparans. Nou nan 2025, epi plizyè vwa nan sosyete a ap mande pou PNH aji ak plis pwofesyonalis.
Libere atis LA li inosan
RépondreSupprimerAtis se Atis Ann sis pan melanje atiss yo ak sa ki pa sanble yo
SupprimerFree my niqqa! T-big 💪m’bon ui saw di?
RépondreSupprimer