🚨INFO 23:Ansyen prezidan Peyi Etazini an Donald Trump pa kalifye pou vòt primè Repibliken yo nan eta Maine an akoz koneksyon li nan atak sou Kapitòl la nan ane 2021

 


.


Shenna Bellows kise Sekretè Deta Demokratik nan Maine,retire ansyen Prezidan Donald Trump nan bilten vòt prezidansyèl nan eta nan kad kloz rezirèksyon Konstitisyon an.

Sekretè Deta demokratik la pran desizyon an apre kèk rezidan eta, ki gen ladan yon gwoup ansyen lejislatè nan tou de (2) bò, te defye patisipasyon Ansyen prezidan Donald Trump nan vòt la ki baze sou yon dispozisyon Konstitisyon Ameriken an, ki entèdi kenbe fonksyon piblik nenpòt moun ki te patisipe nan yon vòt. rezireksyon oswa rebelyon aprè yo te fin prete sèman pou peyi Etazini.


 Desizyon sa se aprè yon desizyon Tribinal Siprèm Kolorado te pran nan mwa Desanm, kote Donald Trump pa kalifye tou pou eleksyon prezidansyèl 2024 nan eta sa.


 Sekretè Deta Maine a tou pran desizyon li pou sispann jiskaske Tribinal Siprèm nan eta deside sou zafè a. 

  

✍🏿Richard FELISSAINT

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

HAYTI : SUNRISE AIRWAYS A REPRIS SES VOLS !

Haïti/Transport aérien : AmericanAirlines fixe la date de la reprise des vols sur Haïti !

AMANDINE HENRY A ANNONCÉ SA RETRAITE INTERNATIONALE À 35 ANS .