NBA : VINN DEKOUVRI SALÈ VICTOR WEMBANYAMA

Aktyalite / Espòtiv 

Par : Dan Cuschi BAPTISTE 

Victor WEMBANYAMA, ki pral kòmanse dezyèm sezon li nan NBA a ,nan lannwit jedi pou rive vandredi kap vini la,  se senkyèm jwè k'ap touche plis lajan nan ekip li a,  ki se San Antonio Spurs.  Yon ti ogmantasyon pa rapò a premye lane li sezon pase a lèl te "rookie". 


Victor WEMBANYAMA ak Spurs yo 



Après sis mwa, Victor WEMBANYAMA pral rejwe ak ekip li nan NBA a . Alòske "roockie" ane rookie l la te pran fen 13 avril kI sot pase a , enteryè fransè San Antonio a pral kòmanse dezyèm sezon regilye li nan lannwit jedi pou rive vandredi,  kont Dallas 

Pou sezon sa ki pral siman, sezon konfimasyon WEMBANYAMA, pivo Spurs yo ta dwe ap touche on bon ti kòb . Jan "Hoopshype" , sit ki spesyalize li nan kòb jwè NBA yo ap touch fè konnen , WEMBANYAMA pral touche 12,7 milyon ewo ki egal a  11,7 milyon ewo .  Se anviwon 600.000 dola anplis sou sa li t'ap touche sezon pase , swa yon ogmantasyon de senk pousan (5%) .

Lwen dèyè Devin Vassell 

Jwè 2.24 m Spurs  la , se sèlman senkyèm jwè kap touche plis kòb nan San Antonio , dèyè Devin Vassel (29.3 milyon dola ) , Keldon Johnson (19 milyon dola) , Harrison Barnes (18 milyon dola) ak Zach Collins (16.7 milyon dola ) . WEMBANYAMA vini kanmèm 129e jwè kap touche pi gwo kòb nan NBA a sezon sa . 


Nivo ogmantasyon sa se rezilta "rookie scale" la , ki se griy salaryal ki defini jan jwè yo ap touche lè yo fenk rive nan NBA a.  WEMBANYAMA ki te seleksyone nan premye pozisyon nan  "draft" li a , ap touche salè maksimòm ki la pou yon "roockie" . Tout franchiz NBA yo , anba Kontwòl on plafon salaryal (yon mas salaryal ke li pa dwe depase) , e sa jwè yo ap rantre vrèman pran an konsiderasyon . Epi nivo ogmantasyon maksimòm nan depann tou de kantite tan jwè a pase nan lig la . 


Yon salè k'ap kontinye monte mònn 

Salè WEMBANYAMA ap kontinye ogmante jis nan lane 2028 e nan fen kontra "rookie" l la : 13.3 milyon dola an 2025-2026 , 16.8 milyon dola an 2026 - 2027 ak 23.6 milyon ewo an 2027 - 2028 . Pou de dènye sezon yo , se San Antonio kap gen dwa leve kloz sa . 

Nap raple twa jwè kap touche plis kòb nan lig la an 2024-2025 se Stephen Curry (55.7 milyon dola ) , Nikola Jokic (51.4 milyon dola ) ak Joel Embiid (51.4 milyon dola) . Epi Rudy Gobert se jwè fransè kap touche plis kòb nan lig la , ak 43.8 milyon dola pou sezon kap vini an . 


Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

HAYTI : SUNRISE AIRWAYS A REPRIS SES VOLS !

Haïti/Transport aérien : AmericanAirlines fixe la date de la reprise des vols sur Haïti !

AMANDINE HENRY A ANNONCÉ SA RETRAITE INTERNATIONALE À 35 ANS .