AYITI : KÒMANSE PA GEN MEDIKAMAN NAN FAMASI YO
Aktyalite / nasyonal
Pa : Dan Cuschi BAPTISTE
Depi lè yo anonse fèmeti ayewopò tousen louvèti a , sa gen gwo enpak nan tout sektè nan Pòtoprens lan , pase pran vil provens yo tou , menm sektè medikal la pa epanye .
![]() |
Etajè nan yon famasi an Ayiti |
Jean Hugues Saint Jean, prezidan asosyasyon famasyen dayiti an , ki te sou radio Magik 9 vandredi an , fè nou pa de pwoblèm grav sa ke famasi yo ap konnen depi dènye moman sa yo . Li denonse konsekans grav blokaj chènn aprovizonman materyel medikal esansyèl yo ak medikaman . Selon li menm , pètibasyon sa yo provoke reta nan livrezon enpòtan, e deja manke medikaman , sa ki met sante popilasyon an nan pi gwo difikilte .
"Pò a , ak ayewopò a ki fèmen bridsoukou , pral fè gen reta nan livrezon yo , epi pa menm gen medikaman" , alète Jean Hugues Saint Jean , ki tou presize gen difikilte pou bay vil pwovens yo medikaman, kote ke wout yo bloke , sa ki met an danje sante popilasyon an .
" Aktyèlman nan vil Okay , pa gen ase Dolutégravir 10 mg , yon antiretwoviral ke yo itlize pou trere timoun ki gen VIH SIDA " , toujou daprè Jean Hugues , ki tap montre jounalis Magik 9 yo , enpak apwovizonman ki pa sèlman rete nan kapital la sèlman .
Kriz medikaman sa , pap sèlmn rete sou enpak sa genyen sou sante fizik sèlman. Sa k enpak sou sante mantal popilasyon an , ki pap gen konfyans nan sistèm sante a , ki ka tou lage kòl nan chache medikaman pou tèt li .
Epi sitiyasyon kriz sa , ap tou profite kontrebandye yo pou y'al fè fo medikaman met sou mache a pou agrave kriz , epi peyi a pa menm byen ekipe pou kontwole sikilasyon fo medikaman yo .
Fas a kriz sa , nimewo en asosyasyon famasyen dayiti a , mande otorite yo pou pran mezi pou retabli enfrastrikti yo , e sekirize wout yo .
Commentaires
Enregistrer un commentaire