ANVIWON 10 000 AYISYEN MANDE AZIL NAN PEYI MEKSIK POU MWA NOVANM LAN .
Aktyalite / Nasyonal
Pa : Dan Cuschi BAPTISTE
Daprè gwoup k'ap sipòte rapatriye ak Refijye yo (GARR) , preske 10 mil Ayisyen k'ap viv nan peyi Meksik fè yon demand azil , pou mwa novanm lan sèlman .
![]() |
Migran Ayisyen nan Tapatchula |
Nan yon kominike Gwoup k'ap sipòte rapatriye ak Refijye yo (GARR) fè konnen ayè jedi a , sou kont X li , gen 9 727 konpatriyòt Ayisyen ki mande Azil sou teritwa meksiken an .
Ayisyen yo se twazyèm nasyon ki fè plis demand azil sou teritwa Meksik la , daprè sa òganizasyon an fè konnen.
Onndiryen vini an tèt kòm nasyon ki fè plis demand azil , yo fè 26 550 demand , Kiben yo swiv yo ak 16 376
Men lis 10 peyi ki fè plis demand azil nan peyi Meksik pou mwa novanm lan
Ondiras: 26,550
Kiba: 16,376
Ayiti : 9,727
Salvadò: 5,262
Venezyela : 4,782
Guatemala: 3,592
Kolonbi: 2,162
Ekwatè: 918
Nikaragwa : 873
Chili: 703
Commentaires
Enregistrer un commentaire