FOUTBÒL NASYONAL : FINALMAN PREMYE JOUNEN CHANPYONA NASYONAL LA AP JWE

Espò

Pa : Dan Cuschi BAPTISTE 



Premye jounen chanpyona nasyonal premye divizyon an kite dwe demare dimanch passe a, pat arive kòmanse, akòz de abit yo kite boude jounen inogirasyon a poutèt revandikasyon yo pat respekte, a savwa ogmantasyon frè deplasman yo ak nouvel ekipman nèf ke Federasyon Ayisyèn nan te dwe ba yo depi ane pase .





Ebyen aprè yon chita pale ki pote fwi ant FHF lan , sendika nasyonal foutbòl Ayisyen an ak dirijan CONA yo (komisyon nasyonal abit yo , premye jounen an ap tanmen dimanch 23 mas lan.

Federasyon an pwomèt ke lap peye frè antrenman pou abit entènasyonal FIFA yo ki aletranje. E l'ap livre ekipman nèf yo a abit yo pou amelyore reprezantasyon yo sou teren yo , anplis de sa , FHF la angajel poul bay frè deplasman yo ak kote pou abit yo rete 3 jou avan koudanvwa chak jounen konpetisyon , men li pat deside sou koze ajisteman frè macth. yo . Selon Carl Henry Elie , mamlnm sendika nasyonal abit Ayisyen yo , menm si FHF pa reponn ak tout ekzijans yo , sa pa ka fè yo pa foule pelouz yo , " ou paka gen tout bagay nan yon batay " , daprè sa li di . Se 1500 gdes yo te egzije kòm frè macth , FHF la pa di si lap mete sou li .

Donk fanatik balon won yo mèt kare kò yo , yo ta supoze byen regale yo nan jounen inogiral sa . Men afich dimanch yo : 

Fica ap jwe Ouanaminthe/ 4h / nan Parc Saint Victor/ Cap Haytien

Chanpyon an tit yo Real Hope pral afwonte AS Capoise nan dèbi kapwa / 4h / nan Parc Résigné / Milot

A 5è nan pak Antoine Levelt , Vil Senmak , Triomphe AC ap kwaze a Tempête

Violette ap resevwa Don Bosco nan pak Sent Terèz/ 5h

Epi Cavaly AS ap twoke kònn li a Juventus nan Parc Gérard Christophe / Léogâne 

 Premye jounen sa ap klotire jedi 27 mas kap vini an ak 3 afich.  

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

HAYTI : SUNRISE AIRWAYS A REPRIS SES VOLS !

Haïti/Transport aérien : AmericanAirlines fixe la date de la reprise des vols sur Haïti !

AMANDINE HENRY A ANNONCÉ SA RETRAITE INTERNATIONALE À 35 ANS .