FOUTBÒL - NASYONAL : RACING FC GONAÏVES GEN YON NOUVO KOMITE.

Espò

Pa : Dan Cuschi BAPTISTE 



Komite sa frèchman eli aprè yon Asanble jeneral ki te fèt nan mwa mas 2025 lan .Eleksyon sa ki òganize pa komite veteran klèb la ak gran fanmi Racing yo , make yon lòt paj nan jesyon ak avni klèb la.





Ansyen prezidan klèb la , Reginald Jean Baptiste,  rasire nouvo komite a , ke administration l pa kite okenn dèt pou li , li te pwofite eksprime volontel pou l vinn youn nan konseye nouvèl ekip pwovizwa sa a .

Men kiyès ki fòme nouvo komite sa : Président : Vaudreuil Zack Dormévil, vice-présidents exécutifs : Yaff Derline Cinéus Chéry et Dr Jameson Adéclat, secrétaire général : Jean-Wilcy Fabien, trésorier : Jean Paulsein, trésorier adjoint : Jhonny Dorsainvil, administrateurs : Jean Gilbert Fils Philemable, Kesner Brunel Gaspard

Lòt konseye ak yon  konsèy de vis prezidan  ap pote kout men nan jesyon klèb la . Pami yo nap jwenn pèsonalite tankou : Ronald Beaugé (Brooklyn), Jacques C. Bordenave (Révélation), ak Jeannise Djoune Mondésir (Dambala).

Epi pou yo kenbe memwa enstitisyonèl klèb la , kèk prezidan espesyal ak gran konseye tankou : Jacques Woubins Bordenave ak Magloire Amisial ap akonpanye nouvèl enstans yo  nan  priz  desizyon  estratejik .

Pou make nouvote sa , komite a ap òganize yon tounwa ki rele koup renesans kap reyini uit lekòl nan vil la .

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

HAYTI : SUNRISE AIRWAYS A REPRIS SES VOLS !

Haïti/Transport aérien : AmericanAirlines fixe la date de la reprise des vols sur Haïti !

AMANDINE HENRY A ANNONCÉ SA RETRAITE INTERNATIONALE À 35 ANS .