FOOT - NASYONAL : MELCHIE DUMORNAY MAKE EPI FINI MEYÈ JWÈZ MACTH OL- BAYERN NAN , NAN ¼ DE FINAL LIG CHANPYON BÒ KOTE MEDAM YO .

Espò

Pa : Dan Cuschi BAPTISTE 


Vedèt Ayisyèn nou an , Melchie Dumornay,  te make epi te fini meyè jwèz macth OL - Bayern nan .





Madi kite 18 mas la , Olenmpik Lyonnais te al an Bavyè pou te afwonte Bayern Munich nan kad ¼ de final ale lig chanpyom bò kote medam yo. Pwoteje Joe Montemurro yo te fè lesansyèl (2-0) e pran yon serye avantaj pou macth retou a .

 Tabitha Chawinga te louvri eskò pou Fenottes yo , epi Star Ayisyèn nan , Melchie Dumornay te fè break la nan 64e minit , e make 3yèm gòl li nam konpetisyon sila a , 17e gòl li ototal pou sezon an . Entènasyonal Ayisyèn nan te yon menas ofansiv Konstant diran tout macth la , pandanl tap montre tou kapasitel pou l jwe tout kote nan atak la .

Dumornay te nome meyè jwèz macth la , e l te distingel pa deplasman entèlijan l yo , kalite fizik li ak efikasite l nan finisyon an .

Nap raple tou  se gòl Melchie a ki meyè reyalizasyon semènn nan nan lig chanpyòn nan. 



Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

HAYTI : SUNRISE AIRWAYS A REPRIS SES VOLS !

Haïti/Transport aérien : AmericanAirlines fixe la date de la reprise des vols sur Haïti !

AMANDINE HENRY A ANNONCÉ SA RETRAITE INTERNATIONALE À 35 ANS .