BOBBY LAST ONE FRAPE FÒ AK NOUVO MIZIK LI “MEN NAN MOUDAW ”

Divètisman 

Pa : Dan Cuschi BAPTISTE 


"Pou Hip Hop la ta mouri, fòk mwen pata la.." — Avèk deklarasyon sa a nan dènye single li “Men nan moudaw”, ki soti 20 septanm, Bobby Last One fè yon retou ki souke rap kreyòl ayisyen an .




 Nan sèlman 2 min 35 segonn, mizik la pote yon style old school, chaje ak mesaj, flows ak verite pike, ki fè anpil fanatik remake li kòm youn nan pi gwo sòti rap ane a.

Prodiksyon sa a, siyen Flo Record ONM, estidyo manm gwoup Bakaloke, se yon punchline jeyan kont tout moun ki pran tèt yo kòm gwo rapè san yo pa pote vrè esans kilti a.

Bobby pa t pè voye pikan dirèk :

“Yo vrè nan face, yo fake anndan.”
“Pa palem de PIC ki al fè pòno, se nou k pa bay respè ki fè lal chèche lòt kòb yo..”

Malgre kritik li sou anpil atis ki, selon li, pa leve nivo rap lan, Bobby rekonèt genyen kèk ki kanpe djanm :
Magick Klick, Katafal, Dade, Dejavou, Burning Phatass, Princess Eud, Wood Terrib, Money Mike, K-Lib, Mad S, ak anpil lòt ankò.

Toujou modès, li fini ak yon fraz ki montre filozofi li :

“Si yap mande kotem ye, dim nan mas la.”

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

HAYTI : SUNRISE AIRWAYS A REPRIS SES VOLS !

Haïti/Transport aérien : AmericanAirlines fixe la date de la reprise des vols sur Haïti !

🚨INFO 23 SPORT : Dilinx Charles se non yon jèn abit ki resevwa plizyè bal nan men yon dirijan ekip foutbòl