AYITI – BELIZ : LIS 23 KONVOKE MALOU QUIGNETTE YO

Espò - Foutbòl (F)

Pa : Dan Cuschi BAPTISTE 


Apre premye patisipasyon istorik li nan Mondyal 2023 la ki te dewoule nan Ostrali ak Nouvèl Zeland, Seleksyon nasyonal foutbòl fanm Ayiti a pral demare nouvo kanpay eliminatwa pou FIFA Women’s World Cup 2027 la. Premye randevou a fikse pou dimanch 30 novanm, kont Beliz, nan vil Belmopan, kapital peyi a.






Pou okazyon sa a, Malou Quignette, seleksyonè ekip senior féminin lan, piblikman kominike lis 23 Grenadyez ki gen pou defann drapo a nan premye faz eliminatwa CONCACAF la.


Nan lis sa a, nap remake retou enpòtan Claire Constant, ki te rate rasanbleman mwa oktòb la, ansanm ak Roxanne Vilain. Men, ekip la ap fè san Deborah Bien-Aimée, ki pa disponib akoz yon blesi.


 Gadyèn


Kaïna Cesar Pietrus (Lipscomb University)


Mahe Lee Caron (Western Illinois University)


Elieka Gabriel (Haïtianna)


 Defansè


Tabita Joseph (Olympique de Marseille)


Jennyfer Limage (RC Lens)


Betina Petit-Frère (EA Guingamp)


Amandine Pierre-Louis (AS Saint-Étienne)


Jasmine Vilgrain (Stade de Reims)


Chloé Joseph (Oklahoma State University)


Claire Constant (DC Power)


Roxanne Vilain (West Virginia University)


 Milye teren


Melchie Dumornay (Olympique Lyonnais)


Anyssa Ibrahim (Le Mans FC)


Maudeline Moryl (Olympique de Marseille)


Dayana Pierre-Louis (RC Lens)


Sherly Jeudy (RC Lens)


 Atakan


Nerilia Mondésir (Seattle Reign)


Roseline Eloissant (FC Nantes)


Lourdjina Étienne (FC Fleury 91)


Batcheba Louis (Birmingham City)


Darlina Joseph (Toulouse FC)


Chelsea Domond (Olympique de Marseille)


Joséphine Vanuxeem (Lille OSC)


Malou Quignette ak jenn Grenadyez yo ap chèche ekri yon lòt paj istorik pou foutbòl fanm Ayisyen an, avèk yon sèl objektif : retounen sou sèn mondyal la an 2027.



Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

HAYTI : SUNRISE AIRWAYS A REPRIS SES VOLS !

Haïti/Transport aérien : AmericanAirlines fixe la date de la reprise des vols sur Haïti !

🚨INFO 23 SPORT : Dilinx Charles se non yon jèn abit ki resevwa plizyè bal nan men yon dirijan ekip foutbòl