MIZIK : "HELLO" , PARÈT NAN LIS "AFRO CLUB" , "LE HIT DES PLATINES" SEMÈNN SA SOU RFI .

Kilti Pa : Dan Cuschi BAPTISTE Nouvo Mizik chantèz Ayisyèn Fatima Altieri, ki rele "hello" ki sou albòm "protejem" , ki parèt 11 novanm lan , parèt nan lis "Afro Club , le Hit des Platines" ki chwazi mizik k'ap mache pou semènn nan . Robert Andrew Richard et Fatima Altieri Nan lis sa ki soti jedi kite 27 novanm lan sou kont enstagram RFI MUSIQUE , mizik "Hello " a te Klase an dezyèm pozisyon . Atis la pat pran tan poul te reyaji sou kont enstagram li "Se yon gwo lonè pou mwen pou m plase nan lis sa a bò kote yon bann lòt atis ki chaje talan. Gen rekonesans yon enstitisyon tankou rfi_musique se yon vrè privilèj " N'ap raple hit " hello " sa se youn nan 12 mizik ki sou albòm " Proteje" ki ge soti 11 novanm lan , epi videyo klip mizik sa soti lendi 25 novanm lan .