ÏNFO23 AP TOUNEN SOU DI PWEN KI TE MAKE ANE A SOU PLAN ENTÈNASYONAL

Aktyalite / Entènasyonal Pa : Dan Cuschi BAPTISTE Ane 2024 la rive nan bout li , de Ayiti lakay nou , pasan pa divès kwen nan mond lan , ann retounen sou divès evenman ki te make ane sila , prensipalman nn moyen noryan, ÏNFO23 tounen sou 10 pwen ki te make mond lan pou ane a . 10 pi gwo evènman ki te make ane 2024 la • Prezidan Iranyen Ebrahim Raïssi te mouri nan yon aksidan elikoptè Prezidan Iranyen an Ebrahim Raïssi ki sou pouvwa depi nan eleksyon 2021 yo , te jwenn lanmò li dimanch 19 mai pase a , nan yon aksidan elikotè ki tap mennen li Tabriz , aprèl te finn asiste yon inogirasyon ansanm ak omolog li , Azèbadjanè a , Ilham Aliev, nan fwontyè komen yo . Pami moun ki te mouri nan aksidan sila a , te gen minis Iranyen zafè etranjè a , Hossein Amir Abdollahianh , ki te gen 60 lane . Antèman yo te fèt nan demen lendi 20 me a . Gid Siprèm Iranyen an , Ali Khamenei, te chaje vis prezidan , Mohammad Mokhber, poul te kenbe w...